Do you want to integrate MonCash into one of your projects? Use Moncashify... Learn more.

Aprann konnen ak administre Windows 10

Windows 10 ki se dènye edisyon nan fanmi sistèm operasyon kliyan windows yo, gen yon pakèt zouti li ofri pou w fè administrasyon, men èske w konn mwatye nan zouti sa yo? Nan kou sa nou pral aprann ou itilizasyon zouti sa yo ak kilè w ka itilize yo. Administrasyon windows la ale pi lwen ki jis kreye yon kont, chanje…

Tags : Operating System (OS), Windows, Windows 10
Session lasts : 35 days
Views : 492
Available in : Haitian Creole
Level : Medium
Fee: 1,500.00 HTG
Pay & Enroll
About the course

Windows 10 ki se dènye edisyon nan fanmi sistèm operasyon kliyan windows yo, gen yon pakèt zouti li ofri pou w fè administrasyon, men èske w konn mwatye nan zouti sa yo? Nan kou sa nou pral aprann ou itilizasyon zouti sa yo ak kilè w ka itilize yo.

Administrasyon windows la ale pi lwen ki jis kreye yon kont, chanje modpas, enstale kèk lojisyèl. Pou w vin yon pro nan sistèm sa, ou dwe konnen ak metrize pi fò nan zouti sa yo ki disponib pou ou.

What you will learn

Nan kou sa, ou pral konprann tout aspè sistèm eksplwatasyon sa ki se Windows 10, ni tou w pral konnen kòman w ka enstale li, konfigire li, fè jesyon ak kòman w ka depane tèt ou lè w gen pwoblèm ak li.

Ak kou sa, ou pral ogmante konpetans ou nan sistèm nan. Pami sa n pral kouvri yo, w ap jwenn enstalasyon Windows la, jesyon aplikasyon/driver ak aparèy, dosye ak fichye, konfigirasyon ak restorasyon done, jesyon kont itilizatè ak depanaj Windows lè l gen pwoblèm ou byen li enfekte ak viris.

Skills you will acquire
  • Enstale ak konfigire Windows 10
  • Anrejistre ak restore Windows 10
  • Konfigire rezo
  • Depane/Ranje nenpòt Edisyon Windows 10, oubyen Windows 8 tou
  • Optimize pèfòmans sistèm w ap itilize a
  • Ka detekte viris sou machin ou
  • Jere sekirite machin ou
  • Administratè sistèm Windows pou moun/biznis
Course requirements
  • Gen yon òdinatè ki gen Windows 10 enstale sou li
  • Konnen sentaks bazik ak sistèm nan (Demare l, fèmen l, itilize l nan yon fen kelkonk)
  • Gen OS Windows la sou yon disk (Djonp, Ekstènal, Odinatè...)
  • Gen yon djonp
Part #1 - Nosyon Fondamantal Sou Sistèm Nan
1.- Poukisa kou sa, de kisa l pale?
2.- Diferan vèsyon Windows 10
3.- Meni ak ba tach la
4.- Eksplore
5.- Panèl konfigirasyon
6.- Itilizatè Windows yo
7.- Libreri
PW #1.- Pèsonalize machin ou an
QUIZ: #F0B41AB07D
Part #2 - Apwofondi Nan Administre Sistèm Windows
8.- Kisa ki "boot"
9.- Enstalasyon Windows 10
10.- Istorik fichye ak restore sistèm
11.- Dyagnostike rezo
12.- Machin vityèl ak "Hyper-V"
13.- Fè fas ak sèvis yo
14.- Pwodwi an liy Microsoft ki enpòtan
PW #2.- Kreye yon machin vityèl
PW #3.- Anrejistre/Restore ak pwen restorasyon
QUIZ: #71789471BB
Part #3 - Òdinatè A, Ou Kontwole L
15.- Windows defender
16.- Enfekte ak viris oubyen non?
17.- Pwoteksyon kont viris
18.- Jesyon aksè nan fichye yo
19.- Jesyon tach yo
20.- Jesyon aparèy/pilòt
21.- Paramèt pafe (firewall)
22.- Pwoteje done ak "Bitlocker"
PW #4.- Pataj done kripte
PW #5.- Divizyon aksè fichye pou chak itilizatè
QUIZ: #90C7C9F668
Part #4 - Pèfòmans Ak Optimizasyon Pou Machin Nan
23.- Jesyon disk
24.- Monitè evènman
25.- Monitore resous yo ak pèmofans
26.- Dyagnostike memwa
27.- Editè rejis
28.- Pwograme tach
29.- Liy kòmann la.
PW #6.- Mizajou tout pilòt
PW #7.- "Documents" nan yon nouvo patisyon
QUIZ: #177116D083

Certification


Lub Lorry Lamysere
Author, Instructor

Software Developer | Entrepreneur