Aprann kreye sit wèb ak Django, fasil epi byen rapid... Learn more.

Beta

Beta version

Estimasyon konbyen sa koute ansanm solisyon w yo.

Konfigire yon kou ki bay estimasyon sèvis oubyen pwodwi pèsonèl ou a oubyen pou biznis ou a



Li dokimantasyon an

Ede kliyan w yo genyen yon pri estimasyon de sa yo vrèman bezwen an ak kalkilatris pri ou a

Ede kliyan w yo genyen yon pri estimasyon de sa yo vrèman bezwen an ak kalkilatris pri ou a

Prikal se yon se yon sistèm pou kreye ak konfigire kou estimasyon tout sèvis ak pwodwi ou ofri yo. Li relye ak yon motè QG (Quotation Generator) yon fason entèlijan ki pèmèt ke tout kliyan w yo kapab jwenn li, epi jenere yon kotasyon oubyen yon pwofòma an liy, telechaje l oubyen voye l sou imel li.

Kòman l fonksyone

Ou kreye yon Prikal ki reflete tout sèvis ou yo, ki pri yo, konbyen tan yo pran. Lè w fini ou kapab al jere tradiksyon sèvis yo, nou bay aksè a 3 lang pou kounye a. Aprè ou mete l piblik, epi kliyan kòmanse ap jenere kotasyon oubyen pwofòma ak Prikal ou a, epi kontakte w pou rès swivi yo.

Avantaj ak karakteristik

Otomatik
Reflete sa ou ofri a tout kliyan, yon fason entèlijan ki montre tout negosyasyon ka fèt san entèvesyon moun. Pa bezwen ap fèt ak dyalog ki long e ki ka tounen nan pèt pou biznis ou a.
Pri ak transparans
Wè kote tout faktorizasyon nan sèvis ou yo ki kache dèyè konfigirasyon ki te fèt la. View prices per service or per group of services to analyze your architecture costs.
Sipòte plizyè lang
Yon biznis dwe kapab reflete sa li ofri a tout kliyan, yon fason entèlijan ki montre tout negosyasyon ka fèt san entèvesyon yon moun.

Ka kote w ka itilize l

Jenere kotasyon an liy pou kliyan w yo
Kliyan w yo ap kapab we sèvis ou ofri yo, epi jenere kotasyon apati de pri sèvis ou yo yon fasil rapid ak senp. Menm kote a wap resevwa alèt de kliyan ki fè kotasyon ak Prikal ou a.
Retrase istorik ak vèsyon
Kapab retrase tout modifikasyon ke w te ka fe ak Prikal ou, tout pri sevis ou yo ret la, ou ka remonte/retounen sou nenpot vesyon prikal ke w ta vle. Chak kotasyon relye ak prikal ke ou mete aktif la
Sipòte plizyè kategori deviz
Pa gen limit pou deviz, nou mete Prikal yo disponib nan 3 deviz: Ero, Dola, ak goud la. Sistem nan mete to yo a jou pou evite w fe dekalaj nan lajan w.
Ki dire yon sèvis
Li fasil pou w di men konbyen sevis ou ofri a a dire w pou w fè l. Konsa nenpot kliyan pa bezwen ap espre ak tann ou san konnen kile wap fini. Se senp

Motè Jenere Kotasyon an

Motè Jenere Kotasyon an

Kliyan w yo ka telechaje kotasyon yo jenere a apati prikal ou a, oubyen yo voye li sou imel yo. Kotasyon an valid pou 2 semèn touvini. Men m si w ta fè yon chanjman nan Prikal ou a, li pap pwoblèm, tout istorik ap rete la. Tout kotasyon gen yon ID ki relye ak yon Prikal ke w te defini nan yon tan, sa nou ka rele “vèsyon”. Si se youn ou defini, eben tout kotasyon yo relye ak li sèlman, si w modifye l, lòt kotasyon ki ap fèt yo ap relye ak nouvo Prikal ou genyen an.



Li dokimantasyon an