... Aprann plis.

Aprann pwograme ak Python

Python se yon langaj pwogramasyon plizyè-nivo, entèprete, vèsatil ak yon nivo ki wo. Python pèmèt pwogramè yo itilize diferan estil pwogramasyon pou kreye pwogram senp oswa konplèks, jwenn rezilta pi vit, epi ekri klè, kòd lojik pou ti pwojè ak gwo, prèske tankou w te ap pale ak yon moun vivan. Li kreye pa Guido van R…

Tag : Programming
Dire li Kou a : 5 èdtan 10 minit
Sesyon an dire : 90 jou
Vizyalizasyon : 8245
Disponib an : Kreyòl Ayisyen
Levèl : Fasil
Pri: 4100.02,500.00 HTG
Peye & Enskri

Enskri Sesyon yo
Enfòmasyon sou kou a
Kreyòl Ayisyen

Python se yon langaj pwogramasyon plizyè-nivo, entèprete, vèsatil ak yon nivo ki wo. Python pèmèt pwogramè yo itilize diferan estil pwogramasyon pou kreye pwogram senp oswa konplèks, jwenn rezilta pi vit, epi ekri klè, kòd lojik pou ti pwojè ak gwo, prèske tankou w te ap pale ak yon moun vivan. Li kreye pa Guido van Rossum epi li premye pibliye an 1991, filozofi konsepsyon Python an, mete aksan sou lizibilite kòd gras ak itilizasyon remakab li yo nan espas enpòtan.

Gen anpil sistèm popilè ak aplikasyon ki itilize Python pandan devlòpman. Gen ladan Google Search, YouTube, BitTorrent, Google App Engine, NASA, ak machin iRobot.

Nan kou sa, nou pral aprann anpil bagay, ki ap mete nou nan nivo pou nou fè sa nou vle ak langaj la. San n pa kanpe, ann antre dirèk

Sa w pral aprann

Kou sa se yon bon entwodiksyon pou w entwodi nan konsèp pwogramasyon fondamantal, ak nan langaj pwogramasyon Python. Ak kou sa ou pral aprann ekri pwogram pou sistèm Windows, MacOS oubyen Linux

Konpetans w ap vin genyen
  • Ou ap vin yon pwogramè Python
  • W ap gen tout ekspètiz pou w oryante nan devlopman pou wèb, telefòn, oubyen òdinatè
  • W ap kapab devlope lojisyèl konsòl pou odinatè
Ekzijans kou a
  • Volonte w
  • Gen aksè ak yon òdinatè ki gen sou li, swa sistèm Windows, Linux oubyen Mac la.
Pati #1 - Di Python Bonjou
1.- Kisa yon langaj pwogramasyon ye? 3 min 53 seg
2.- Enstalasyon Python 4 min 17 seg
3.- Varyab yo 6 min 12 seg
4.- Tip varyab yo 18 min 57 seg
5.- Entèraksyon ak varyab yo 21 min 52 seg
6.- Kondisyon 10 min 48 seg
7.- Bouk 25 min 9 seg
TP #1.- Yon jwèt - La woulèt 4 min 57 seg
KWIZ: #6A9D2B6EB7
Pati #2 - Pwogramasyon Oryante Objè (Poo)
8.- Apwofondi nan varyab sekansyèl 18 min 2 seg
9.- Fonksyon nan pwogramasyon 22 min 6 seg
10.- Modil ak Pakè 16 min 20 seg
11.- Fichye 11 min 12 seg
12.- Eksepsyon nan Python 8 min 22 seg
13.- Separe pwogram ou yo nan plizyè fichye 10 min 52 seg
TP #2.- Jeneratè Epsedo Sosyal 1 min 30 seg
TP #3.- Kreyasyon yon viris(vè) enfòmatik 1 min 49 seg
KWIZ: #E770A37014
Pati #3 - Pwogramasyon Ak Klas, Nan Oryante Objè
14.- An n pale tewori sou klas 13 min 8 seg
15.- Apwofondi nan metòd 19 min 34 seg
16.- Metòd ki pwòp a Python 21 min 48 seg
17.- Eritaj 9 min 40 seg
18.- Transfòme pwogram ou yo an ekzekitab pou PC 7 min 12 seg
19.- Konsèy Pratik 8 min 26 seg
TP #4.- Modelizasyon yon machin kap fonksyone 1 min 27 seg
TP #5.- Wòch - Papye - Sizo 1 min 32 seg
TP #6.- Pwojè final - eLibruntus 2 min 43 seg
KWIZ: #A7F82F5621

Sètifikasyon


Lub Lorry Lamysere
Otè, Enstriktè

Software Developer | Entrepreneur