Itilizasyon hashtag

Itilizasyon hashtag

Hashtag jounen jodi a, se youn nan mwayen anpil moun itilize pou yo entegre nan kontni sa y ap pwopaje sou entènèt tèlman li enpòtan kounya nan kilti nou. Li ap vrèman difisil pou nou jwenn yon moun ki pa konn sa ki rele hashtag la, menm si li ra pou w jwenn yon moun ki pa konnnen l, chaje moun ki pa vrèman konnen kòman pou yo itilize hashtag.

Hashtag se yon mo oubyen yon fraz ki itilize sou medya sosyal ki gen devan l yon siy (#), li itilize nan mesaj pou idantifye yon mo kle oubyen yon topik ak ki fasilite rechèch sou li, li rann posib lòt moun jwenn mesaj sa fasil baze sou yon tèm patikilye, li rann kontni sa fasil pou dekouvri. Nenpòt moman yon itilizatè ajoute yon hashtag nan yon mesaj li ap pibliye, sa pèmèt ke rezo sosyal la sible mesaj la, touswit mesaj sa vin fasil pou lòt moun jwenn li. Yon fwa yon moun klike sou yon hashtag, yon paj ki rasanble tout mesaj ak kontni ki gen hashtag la ladan l, ap ouvri.

Li pèmèt tou, pou envite lòt itilizatè pou yo reyini sou yon tèm komen, oubyen pou defann yon enterè. Li reprezante ak senbòl sa # devan yon mo. Li pa gen espas, gen lòt karaktè l pa genyen tou tankou: tirè (-) .

Konnen kijan pou w itilize hashtag sou rezo sosyal se youn nan etap enpotan pou maketig ou. Nou pral pale de kèk fason pou w akonpli sa.

DIREK

Fòk ou dirèk nan hashtag w ap itilize yo. Plis ou dirèk, se plis ou ou ap gen yon odyans ki byen sible. Si ou pa gen hashtag pou sa w ap fè a, chache youn ki vrèman dirèk pou sa w ap fè a.

Si w ap vann rad gason sèlman, olye ou itilize #Vetement ki sible tout kalite rad, itilize pito hashtag ki pi dirèk tankou #VetementsHomme #RadGason

Tant ou byen sible odyans ou a, se plis y ap angaje yo nan sa, ak se tant w ap resevwa bèl estatistik pou kontni w la. The more targeted the audience, the more engaged they will be, and the better your content will be received.

CHWAZI AK NOURI HASHTAG

Malgre hashtag ka itilize pou w sible yon gwoup moun… li ka itilize tou pou bay yon deskripsyon nan ka yon foto oubyen pou pi souvan yon videyo. Li konn itilize tou nan konvèsasyon gwoup moun, yon tchat pa ekzanp, pou montre de kisa k ap pale. Tankou #BazNegReal

Li enpòtan avan w itilize yon hashtag pou ou fè yon rechèch sou hashtag sa avan, pou w konnen ekzistans lan, e de kisa li pale avan w rejwenn hashtag la oubyen avan w itilize l pou pwòp afè pa w. Gen de gwoup oubyen konpayi ki, depi avan, esplike de kisa tèl hashtag dwe pale, nan ka sa si w anvi antre nan rezo sa, fòk kontni pa w la pale de sa tou.

VINI AK HASHTAG KI NOUVO

Hashtag ki soti nan non biznis ou (tankou #Google, #Facebook) pa vrèman ka pouse mak ou a soti, pito w vini ak yon hashtag ki ka reprezante binis ou a, sa l ye ak dèyè kisa li kanpe.

Tout moun te konnen #KotKobPetwoKaribeA. Tout moun te kòmanse sèvi ak li yo pou yo poze gouvènman Ayisyen an kesyon ak demontre sa yo santi pa rapò ak sa a.

Gilbert Mirambeau jis sòti hashtag la, byen rapid anpil lòt moun pran hashtag la ak pataje pwòp foto yo. Sa vin kreye yon mouvman k ap grandi ki bay yon kokenn chenn kontni sou menm hashtag la.

enter image description here

SA W KA FE

Hashtag mak, sa yo rele an anglè “Branded Hashtags” la enpòtan lè ou gen youn ki plis jenere apati de kontni itilizatè yo. Tankou #MaLife Digicel la ; Se yon hashtag ou kreye espasyalman pou mak ou a. Yon lòt egzanp: Samsung te itilize #GalaxyS8 pou l fè pwomosyon nouvo telefòn li an.

enter image description here

Non sèlman yon hashtag mak, favorize patisipasyon ak angajman, li òganize mesaj yo tou paske yo sible. Sa ka enpòtan pou ou si w vle kolekte done pou yon pwomosyon oubyen yon konkou. Se yon bon mwayen tou pou sanbilize moun yo sou kanpay w ap fè a.

Le w ap itilize yon hashtag, eseye fè l kout ak yon bèl prezantasyon. Chak inisyal mo yo te ka komanse pa lèt majiskil #MwenSeYonFraz. Ou wè nan ekzanp lan, Hashatag la baze sou yon fraz men chak mo yo kòmanse pa yon lèt majiskil. Menm si pa ekzanp hashtag sa #CodingHelpsThinkingBetter sible yon kontni oubyen yon piblik, li difisil pou yon moun itilize l paske li parèt twò long pou moun tape tout karaktè sa yo.

Hashtag yo sipoze rann bagay la pi fasil pou w jwenn li sou yon bann kontni sou medya sosyal, hashtag long epi ki konplike yo parèt difisil pou w jwenn. Nan ka sa, li pi fasil pou itilize youn tankou #codinghelps

SA W PA DWE FE

Ou pa dwe gen plis hashtag ke mo. Itilizatè rezo sosyal yo gen tandans itilize anpil hashtag pou pafwa fè blag. Anpil moun panse anpil hashtag ap ede yo jwenn plis atirans oubyen bay kontni a plis valè, sa se yon pratik ki soti sou Instagram kote ou ka jwenn plis angajman lè w gen anpil hashtag. Kwè m ou pa bezwen itilize 30 hashtag pa ekzanp, ou pa bezwen itilize 50 hashtag. Konsantre w pito sou fason pou w diferan nan sa wap fè a.

Hashtag sèvi pou w rann sa w ap pibliye a fasil pou wè nan yon piblik ki vrèman laj. Itilizasyon hashtag ap pèmèt ou fè yon bon empresyon nan piblik sa sou rezo sosyal. Rasire w ke ou pataje pi bèl kontni w te ka genyen.

Lè w ap itilize hashtag pou w atire piblik. Li enpòtan pou w konn kòman sa ap mache. Avèk resous tankou Sprout Social, Li fasil pou w detekte ki tèm ki mache ak biznis ou a plis. Gen yon platfòm ki rele Hootsuite tou, ou ka konfigire yon pon pou w siveye hashtag ou yo ak wè si w ap itilize yo nan bon sans. Ou ka eseye l gratis.

Ki pi gwo siksè ou fè nan itilize hashtag,eske w panse gen yon bagay nou manke, oubyen yon strateji nou pa konnen? Ou ka tweet oubyen tag nou sou @Code9Haiti.

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio