Kèk rezon pou w fè pati Code9Haiti

Kèk rezon pou w fè pati Code9Haiti

Code9Haiti se yon kominote devlopè, yon antrepriz devlòpman lojisyèl enfòmatik. Nou kwè anpil nan travay ekip, sitou travay ki akse sou yon efò kolaboratif pou akonpli yon vizyon oubyen yon tach ke tout ekip la pataje . Nou vle elaji kominote nou a, pou n gen plis devlopè, enjenyè, grafis, elatriye. Li atik sa paske li ekspoze kèk lide pou kisa w ta dwe fè wout la ak Code9Haiti nan sektè teknoloji a.

Pou m kòmanse pale ak ou ki ap li atik sila, map prezante tèt mwen: Mwen rele Lub Lorry LAMYSERE, mwen se yon devlopè lojisyèl, mwen gen yon lisans nan Syans Enfòmatik ak yon diplòm nan Jesyon piti ak antrepriz mwayen (Gestion des PMEs). Mwen se fondatè Code9Haiti. Nou menm anndan kominote sa, nou gen anpil pou nou fè, nou pa ka fè yo pou kont nou. Nou ka travay ansanm nan yon lokal ki rele Impact Hub Port-au-Prince. Mwen ret kwè ou gen anpil pou w pataje tou. Mwen pa ka ret tann kolaborasyon nou, rejwenn Code9Haiti.

Mwen ta renmen nou kolabore paske

Ou merite kèk konsèy, malgre w pi entèlijan

Lè mwen te nan kolèj, mwen te toujou vle travay an solo. Tout sa map fè rete nan mwen menm, paske m toujou panse pa gen moun ki ka ede m nan sa map fè a. Mwen al dekouvri konsèy lòt moun ap itil mwen, se lè mwen te vin gen yon pwoblèm grav, mwen konfye m a kèk moun, pawòl moun yo te soulaje mwen. Menm jan tou, lè w ap gade oubyen tande moun sou entènèt ni nan lari, ou wè jan sa kanalize panse w, menm si w pa avwe li. Se menm bagay la tou si w asepte konfye panse w a yon lòt moun. Ou sipoze toujou gen divèsite, eseye tande lòt moun, reflechi sou lide lòt moun pwopoze w.

Ou pa dwe kite talan w mouri

Anndan Code9Haiti nou te 7 moun, nou apèn akeyi 3 lòt moun ki vin fè nou 10. Nou baze nan Impact Hub Port-au-Prince ki ofri nou yon ekosistèm pisan ak resous, enspirasyon ak kolaborasyon. Youn nan tris bagay m ap di w la, se ke nan sa wap fè a la, lè wap travay pou kont ou, non sèlman ou konnen ke ou redi, men depi w tonbe, biznis ou a tonbe tou. Lè se ou kap fè tout bagay, ou vin pa gen poz, ou pa gen tan, paske se ou k biznis la, ou pa gen ekip. Pa kite talan w mouri, fòk ou gen bra dwa ki pou pran larelèv pou ou. Se sa nou ap konstwi nan Code9Haiti.

Ou merite èd

Si w opte travay poukont ou sou yon pwojè, konnen ou pap gen moun bò kote w pou ede w, ou poukont ou nan tout desizyon w jiskaske w fini pwojè a. Si w gen pwoblèm oubyen konfizyon, fòk ou konnen ke ou poukont ou. Wap bezwen èd yon lòt moun sou nenpòt pwojè ke wap travay la. Eske w pa konn remake ou fatige ou pa ka jwenn yon solisyon ak yon pwoblèm, lè wal repoze w, aprè kèk tan ou jwenn solisyon an? Imajine ki dinamis ki tap genyen si w te ka fè men leve ak yon moun ki konprann pwojè a menm jan ak ou.

Ou dwe ede nou grandi sektè a

Nou vle grandi, epi kreye plis devlopè nan sektè sila a, nou pako ase pou n goumen pou sa. Tant nou gen plis, li pi bon. Poukisa nou vle fè sa? Mwen toujou pran yon ekzanp byen senp pou m esplike sa: Si m gen 3 grenn wòch nan menm, epi gen yon bokal ki a 2 mèt de mwen menm, mwen di w ann parye pou m lage yon grenn wòch omwen nan bokal sa; wap kouri parye avèk mwen paske chans lan piti pou m ta arive fè l. Men e si mwen ta gen 100 grenn wòch nan menm? Wap vrèman pè pou w ta parye, paske pwobabilite a vin pi wo. Eben se menm lojik la, nan peyi a nou vle kapab kreye solisyon teknoloji ki inovan, plis nou pi plis nan sektè a, se plis pwobabilite a fò pou nou kreye yon solisyon teknoloji inovan nan monn lan.

Ou vo anpil pou w ret solo

enter image description here

Nan foto sa, ki se Elon Musk kap fete reyisit li aprè fize li te voye nan lespas epi ki retounen sou tè a, se te yon reyisit pou li. se Elon Musk ki vizaj antrepriz la, epi w wè tout ekip la ap selebre viktwa. Mwen wè lanmou jayi nan figi yo, se pitit yo ki arive fè siksè, pitit yo tout. Sa rele lespri ekip, vizyon an pataje. Vin pataje vizyon nou ansanm, anndan Code9Haiti nou tèlman genyen anpil pou nou fè, nou vle w vin mete touch paw pou w fè l vin gran, dirab epi pafè!

Nou ap tann nou. Klike la.

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio