Kòman lide "Best Haitian App Award" la vini epi poukisa

Kòman lide "Best Haitian App Award" la vini epi poukisa

Pou moun ki pa konnen, "Pri Pi Bon Aplikasyon Ayisyen" ki tradwi an anglè "Best Haitian App Award" se yon evènman anyèl ke Code9Haiti mete sou pye pou onore pi bon aplikasyon ki fèt pou ane a. Evènman sa baze sou kritè pou teknik pou l deziyen pi bon aplikasyon an.

Evènman sa a, sòti nan mitan ekip Code9Haiti a nan 17 desanm 2018 kote mwen te pwopoze lide a nan mitan nan estaf la, epi nou te twouve li nesesè pou gen yon aktivite konsa chak ane nan peyi a, nan yon sektè ki enpòtan, men ki yon ti kal neglije (Tandiske l ta dwe youn nan priyorite). Lide a te vini yon ti jan ta pou ane 2018 la, men li te oblije reyalize. Se konsa, nou prezante lide a ba plizyè moun tankou Marc Alain Boucicault ki se moun ki nan tèt Banj, Pierre Stanley Baptiste nan Impact Hub Port-au-Prince, Max Larson pou Transversal, David Pierre-Louis pou KayTita, Carel Pedre pou Chokarella avèk ansyen direktè nou menm nan Code9Haiti nan Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haïti (ESIH), Patrick Attié. Yo te apiye ide a, e yo te rapid pwopoze sa yo ta renmen ki fèt nan evènman an avèk kòman yo ka ede nou rive reyalize sa nan ti kout tan sa ki te rete pou ane a. Gras ak yo, je mwen ak ekip la louvri sou plizyè pwen; mwen tou pwofite salye yo, pou ankourajman ak jan yo reflete plis pozitivite nan antouraj yo.

Poukisa yon evènman konsa, tandiske gen plizyè lòt ki la pou teknoloji?

Repons lan senp, se jis paske aktivite sa yo baze sou pati finansye yon pwojè, ak fason pwojè a prezante nan moman an. Sa vle di, si aplikasyon w lan pa ka vann, oubyen ou mal pitch nan moman, ou ap pase sou kote, tandiske nou menm pwogramè, nou renmen apresyasyon pou lè n envante yon nouvo fonksyonalite oubyen yon nouvo pwogram. Nan Code9Haiti, nou konsidere ke, ka toujou gen jan de aktivite sa yo pou aplikasyon (Dayè nou patisipe nan plizyè deja tankou Hackfest Haiti, Hack the CD, Diagnostik), men nou vle ke toujou gen yon tradisyon chak ane pou rekonpanse yon aplikasyon pandan ane a, pou inovasyon l ak kreyativite l. Sa ap ankouraje devlopè yo travay, bouste konpetans yo. Ak sa nou ap kapab aliyen tout aplikasyon ki fèt nan peyi a, yon fason pou n ka bay bourad ak sa ki merite l, pou repranzante peyi a nan monn lan.

Evènman te prevwa pou 10 fevriye 2019, lakòz kèk pwoblèm nan peyi a, li te vin arive fèt 2 mas 2019. Mwen pap janm sispann kontan paske yon senp lide jayi konsa, nou jis komanse, nou mete anprent lan. Chak enstitisyon bay sa yo kapab pou yo ankouraje ak bay pri a yon valè. Chak ane, nap goumen pou n fè sa pi bon. Jan Pierre Stanley te di nan yon pòs li sou facebook, sa se kòmansman yon long tradisyon.

Kont Facebook Pierre Stanley

Se pa mete Code9Haiti anlè tèt, se pito, fè nou menm antanke devlopè, gen yon merit, epi montre ke nou fè pati de yon sektè ki dwe mete sou tab, pou n rezoud pifò pwoblèm nap konfwonte yo. Nou menm devlopè, nou toujou prè pou n avanse, nou vle defi, paske nou toujou ap chache pou n aprann plis ak rezoud. Se pou sa mwen toujou di:

Lè w ap kòde ou panse pi byen.

Code9Haiti ap di mèsi ak: AHTIC, ISOC, Transversal, ESIH, Banj, KayTita, Impact-Hub Port-au-Prince, Chokarella, Small Graphic ansanm ak Tony Tuch

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio