7 etap negosyasyon efikas pou devlopè

7 etap negosyasyon efikas pou devlopè

Anpil devlopè twouve li yon jan difisil pou yo antame etap negosyasyon pou sèvis yo ofri a, ak yon kliyan. Gen lòt ki fasil antame konvèsasyon an, men ki mal fè sa, ki vin koz, yo siyen yon kontra pou devlope yon pwojè yo ta dwe fè plis lajan sou li, oubyen ki vin pran anpil tan pou devlope san yo pat janm rann kont. Nan atik sa, mwen pral montre w 7 fason efikas ou ka itilize pou w negosye ak yon kliyan, ki ap pèmèt ou fè jesyon tan devlopman pwojè a, epi byen chaje kliyan pou sèvis ou ap ofri yo, pou satisfaksyon ka nan tou 2 pati yo.

San mwen pa rete, m ap antre dirèk nan sijè a. Mwen ap kòmanse ak premye etap la, ki se:

1 - Preparasyon

Lè m di preparasyon, mwen vle pale de tout sa w dwe konnen avan ou kòmanse yon konvèsasyon ak yon kliyan. Fòk ou konnen ke w ap mal negosye, epi w ap parèt pa pwofesyonèl si ou pale ak yon kliyan, epi w pa ka bal enfòmasyon sou sa li bezwen konnen paske kliyan yo, anpil fwa pa konn anyen nan teknoloji. Ou dwe prepare w, fè anpil rechèch sou pwodwi ki efikas, ki sèvis ki bon mache ak sèvis ki pi aksesib. Fòk ou prepare tou, kibò ou vle pale ak kliyan w lan. Ou pa ka chita nenpòt kote ap negosye ak yon kliyan, fòk andwa parèt nòmal, nan bon atmosfè, pou tout dyalòg la byen fèt.

2 - Dyalòg ak kliyan

Lè w nan etap sa, fè yon bon entwodiksyon pwofesyonèl de ou menm, epi kòmanse tande kliyan. Mache ak kaye w, oubyen ak laptòp ou, pou w pran nòt. Si w gen mwayen an, mande kliyan si w ka anrejistre vwa li, konsa ou ka tande anrejistreman sa aprè (Pa fè l san konsantman kliyan). Nenpòt sa w pa konprann nan sa kliyan ap di a, poze li kesyon. Si w byen konprann, epi ou wè kliyan pa fin metrize yon teknoloji, korije l ak tout imilite. Pa al eseye chanje sa kliyan ap di a. Fè atansyon, paske kliyan konn sa li vle a trè byen, li sèlman pa ka eksprime l nan yon langaj teknolji - se pou sa li kontakte w. Dyalòg ak kliyan enpòtan anpil. San anpil moun pa rann kont, li defini ki valè lajan w vo, ki kapasite w. Si w pa konvenkan, si w pa demontre kliyan ou konn metye w byen, ou pap vo pri ou pral bay la, epi tou li ka pè konfye w yon travay ki mande anpil etik ak pwofesyonalis.

3 - Pran yon lòt randevou

Gen anpil devlopè ki konn pran nan pyèj sa, menm kote yo fin tande kliyan, yo bay yon pri menm kote a. Map fè w konnen ke lè w fè sa ou, ou toujou pèdi. Poukisa m di sa? Wap toujou bay yon pri ki vo mwens ke travay ou pral fè a. Menm si w ta wè ou bay yon pri ki pi wo ke pri l ta sipoze ye a, depi ou wè kliyan dakò - imedyatman li pa vo pri a ankò, ou gentan gen yon travay ki ta sipoze koute plis lajan. Pa bay pri a touswit aprè w fin tande kliyan, ou pap ka evalye konbyen jou l ka pran ni w pap ka evalye kantite lajan, se pou w pran yon randevou nan yon lòt jou. Sa ap pèmèt ou fè rechèch, etabli tout fonksyonalite, tout kantite jou. pa pran plis ke 5 jou, kliyan ka kouri.

Pri a defini pa rapò ak anpil kritè, ki pa pale nan atik sa, men si wap itilize Prikal w ap kapab dekouvri sa nan tout detay.

4 - Pwopozisyon w

Lè w fin byen chache tout fonksyonalite kap nan travay la, tout sèvis w ap bezwen enplemante yo, plis makèt pwojè a. Ou dwe evalye konbyen jou sa ka pran pou chak enplemantasyon. Ou pa dwe bay jou a ekzat, fòk ou mete [2-3] jou anplis, paske se pa chak jou ou pral gen anvi pwograme, ou ka malad tou, oubyen lòt enkonvenyan. Antanke devlopè, ou dwe konn konbyen w travay pou chak èdtan, ou dwe gen yon entèval pri [pi ba a -- pi wo a], pa al baze sou mache lòt peyi pouw fikse pri w. Pa fè sa, si se pou peyi w ye a wap travay sèlman; peyi w la gen yon mache diferan ak lòt peyi.

Ou dwe toujou negosye ak pri ki wo a. Pa rapò ak kantite lajan èdtan w yo vo, wap fè kalkil pri a, ajoute pri sèvis wap bezwen achte yo. Aprè w ap fè total èdtan yo pou w evalye kantite jou sa ka pran.

NB: Nan kantite jou sa ka pran, fòk ou rale kanladriye w epi ajoute wikenn, ajoute jou konje, ajoute pwojè sòti w, elatriye...sa ap vin ba w plis jou travay. Pwopozisyon an pa defini pri pwojè a, ni l pa defini ke se kantite jou sa lap pran, se pou sa l rele pwopozisyon. Nan randevou a, pwopoze epi fè dyalòg ak kliyan sou pwopozisyon an.

5 - Mete pri a sou tab

Aprè w fin fè pwopozisyon w sou papye ki gen tout fonksyonalite, deskripsyon ak kantite jou yo ka pran. Kliyan ka mande rabè. Sa pral depan de rabè li vle a, ou ka fè rabè a pou li ak pri èdtan w ki pi ba a, oubyen medyan pri w yo(pri pi ba + pri pi wo)/2; se pri sa kap limit ou. Ou dwe konvenkan, epi demontre fonksyonalite yo ak tout sa ki ladan yo. Aprè w fin fè tout evalyasyon sa yo, ou dwe negosye tan w tou pou si kliyan vle pwojè a devlope pi rapid. Tout sa depan de kilè kliyan vle pwojè a, ou ka negosye tan sa a. Yon lòt fwa m ap di w Prikal se yon zouti ki pèmèt ou toujou byen negosye ak tout kliyan w yo. Tout sa mwen esplike la, zouti sa ki rele Prikal la fè sa pou ou.

6- Dokiman ofisyèl

Nan ka sa a, ou gen pou w refè dokiman pwopozisyon an, siyen l ansanm ak kliyan ki baze sou pri a, ak kantite jou yo. fè kanlandriye travay yo, kaye tout fonksyonalite yo, makèt pwojè a, tout enfòmasyon konfidansyèl ak lòt dokiman ki ta nesesè pou ou menm ak kliyan siyen sou yon baz legal, kote 2 pati yo gen aksè sou yo.

7 - Siyen Kontra

Lè tout bagay fin siyen, se moman pou w siyen kontra kounya. Lè w se yon pwofesyonèl kap travay, men m si w pap travay sou yon non biznis, ou dwe gen pwòp kontra pa w. Mwen konseye w pwopoze kontra pa w, kliyan ka ajoute kèk atik, si tout fwa li vle epi ou jije li konpatib ak travay ou plis etik pwojè a.


Fè devlòpman pa yon bagay fasil, e w sipoze touche lajan ki vo travay w ap fè a, ni kliyan tou pa dwe jwenn yon travay ki pa vo lajan li te bay la. Toujou mete pwofesyonalis ou ak etik ou deyò pou w jwenn plis kontra, paske mache a kòmanse grandi.

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio