Asimile nosyon Python yo byen

Asimile nosyon Python yo byen

Sa se yon atik ki etale plizyè ti ekzèsis ki ap fè w asimile nosyon Python yo byen, tankou list, dictionnaire, tuple, class, function, ak exception.

MASTER STR (index, split, replace, lower, upper, title)

  1. Nan yon chenn karaktè, mete tout karaktè yo an miniskil.
  2. Nan yon chenn karaktè, koupe chenn nan tout kote ki gen espas. Epi afiche yon lis ki gen chak eleman yo. Ekzanp:

    >>> "Ayibobo Ayiti"
    >>> ["Ayibobo", "Ayiti"]
    
  3. Nan yon chenn karaktè, mete tout premye lèt chak mo an majiskil.

  4. Nan yon chenn karaktè, rekipere premye lèt chak mo. Epi afiche yon nouvo chenn ak tout inisyal sa yo.
  5. Ranplase tout karaktè "a" ki nan yon chenn pa "@"
  6. Mete yon chenn karaktè devan dèyè, answit mete l an majiskil. Ekzanp:

    >>> "Ayiti"
    >>> "ITIYA"
    
  7. Afiche endeks premye karaktè "a" ki nan yon chenn. Ekzanp:

    >>>  "Ayiti kapab avanse"
    >>> 7
    
  8. Afiche total tout endeks karaktè "a" ki nan yon chenn (Kit se a majiskil oubyen miniskil). Ekzanp:

    >>> "Ayiti kapab avanse"
    >>> 42
    
  9. Kreye yon lis ki gen endeks tout karaktè "a" ki nan yon chenn (Sèlman a miniskil). Ekzanp:

    >>> "Ayiti kapab avanse"
    >>> [7,9,12,14]
    
  10. Retire tout espas ki nan yon chenn, epi kole chenn sa ak kantite karaktè li genyen (Pa kontwole espas yo).

MASTER LIST (Union & Intersection & Lis comprehension)

  1. Kreye yon lis eleman ki divizib pa 2, nan entèval [0-n] enklizif
  2. Ou gen yon lis antye, konvèti l an yon lis chenn.
  3. Ou gen yon lis chenn ki an miniskil, konvèti an yon lis chenn majiskil
  4. Ou gen yon lis, kreye yon nouvo lis ki fèt ak eleman ki nan endèks ki divizib pa 3 yo sèlman
  5. Ou gen lis eleman, kreye yon nouvo lis ki gen chak 3 eleman yo gwoupe anndan yon tipl. Ekzanp:

    [1,2,3,4,5,6,7,8,9] => [(1,2,3), (4,5,6), (7,8,9)]
    
  6. Ou gen yon lis, ki gen yon pakèt eleman ki repete. Konvèti l an yon lis, ki pa gen okenn doublon.

  7. Ou gen 2 lis. Kreye yon nouvo lis, ki genyen sèlman eleman komen ant 2 lis yo.
  8. Ou gen 2 lis. Kreye yon nouvo lis, ki genyen sèlman eleman distenge ant 2 lis yo.
  9. Ou gen yon diksyonè. Kreye yon nouvo lis ak kle yo sèlman, epi yon lòt ak valè yo sèlman.
  10. Reyini 3 lis ansanm, san okenn doublon.

MASTER DICTIONNAIRE (isinstance, eval)

  1. Ou gen yon diksyonè. Rekipere tout valè yo, gras ak kle yo epi retounen yon lis valè.
  2. Mande itilizatè a, tape yon valè... epi verifye si l gen akolad devan ak dèyè.
  3. Pakouri yon diksyonè, epi afiche tout kle yo.
  4. Pakouri yon diksyonè, epi afiche tout valè yo.
  5. Pakouri yon diksyonè, pou w kapab kreye yon kopi(nouvo) sou disksyonè sa.
  6. Anndan yon diksyonè ki gen kle ak valè(valè yo ka nenpòt tip done). Ajoute yon underscore devan ak dèyè tout valè ki se chenn yo. Ekzanp:

    >>> {"name": "Lub", "age": 14, "assets": ["laptop", "phone"]}
    >>> {"name": "_Lub_", "age": 14, "assets": ["laptop", "phone"]}
    
  7. Nan yon diksyonè ki gen valè ki se chenn sèlman. Kreye yon nouvo diksyonè ki gen tout eleman ki gen valè ki dijit yo sèlman. Ekzanp:

    >>> {"a": "12", "b": "abc", "c": "12r", "d":"90"}
    >>> {"a": "12", "d":"90"}
    
  8. Pakouri yon disksyonè, pou w mete l sou fòm lis, kote chak eleman nan disksyonè sa, vin sou fòm tipl(kle, valè) anndan lis la. Ekzanp:

    >>> {"a":1, "b": 2}
    >>> [("a",1), ("b",2)]
    
  9. Pakouri yon lis tipl, pou w mete l sou fòm diksyonè. Ekzanp:

    >>> [("a",1), ("b",2)]
    >>> {"a":1, "b": 2}
    
  10. Kole 2 diksyonè ansanm pou fè youn, kote si gen eleman ki gen menm kle ap konkatene valè, swivan kondisyon sa yo:

    • Antye: ADISYON
    • Chenn, lis, set: KONKATENASYON

    Rès eleman ki pa gen valè ki gen tip sa yo, pap nan nouvo diksyonè a.

MASTER FUNCTION CONCEPT

  1. kreye yon fonksyon ki ap pran yon paramèt yon mo, epi li retounen envès la.

  2. kreye yon fonksyon ki pou jenere yon kòd aleyatwa ki gen n karaktè alfabetik.

  3. kreye yon fonksyon ki pou jenere yon kòd aleyatwa ki gen n karaktè alfabetik, san repetisyon.

  4. kreye yon fonksyon ki pou jenere yon kòd aleyatwa ki gen n karaktè alafanimerik, san repetisyon.

  5. Ou gen yon lis chenn. Jenere yon SLUG apati chenn nan. Nan yon SLUG, tout karaktè ki akseptab yo se: alfanimerik ak "-"

  6. Kreye yon fonksyon ki ap separe chak lèt nan yon mo ak yon vigil

  7. Kreye yon fonksyon ki ap kripte yon mo, avèk endèks li nan alfabè a. Chak karaktè dwe separe ak yon tirè.

    >>> "ALO"
    >>> "0-11-14"
    
  8. Kreye yon fonksyon ki ap dekripte yon mo ki fèt ak endèks chak lèt nan alfabè a, separe ak yon tirè.

    >>> "0-11-14"
    >>> "ALO"
    
  9. Kreye yon fonksyon ki ap pran 2 paramèt, epi ki pèmite valè yo. Answit li retounen tou 2 valè yo sou fòm Tuple.

  10. Kreye yon fonksyon ki ap pran yon non an paramèt, epi ki retounen inisyal yo. Atansyon ak non konpoze ak tirè yo.

     >>> "Jean-Baptiste Jean"
     >>> "JBJ"
    

Master class

  1. Kreye yon klas ki ap pran yon paramèt chemen yon fichye. Epi ki ap gen metòd pou w li, ajoute, efase kontni yo. Epi yon metod pou w efase fichye a si w gen pèmisyon.

  2. Kreye yon klas Vivan, ki gen pwopriyete moun (pye, men, non, laj).

    Aprè modelize tèt ou ak yon lòt moun, ki erite klas sa... pa bliye chanjè valè pou yo apwopriye ak moun w ap modelize a.

    Aprè kreye yon klas Poul, ki erite klas s. Pa bliye chanje done ki apwopriye yo.

MASTER EXCEPTIONS

  1. Mande itilizatè a tape yon chif, epi ajoute +5. Kapte eksepsyon ki ka rive si itilizatè a pa tape yon dijit.
  2. Anndan yon lis. Endekse yon valè nan lis la. Kapte eksepsyon ki ka fèt si endeks la depase longè lis la, epi afiche yon mesaj.
  3. Anndan yon diskyonè. Kapte eksepsyon ki ka rive si kle a pa nan diksyonè a. Si li pa ladan, ajoute kle sa ak valè None.
  4. Kreye yon enstans apati yon klas ou te kreye. Kapte eksepsyon ki ka fèt si gen yon atribi ki pa ekziste nan klas la. Epi ajoute atribi sa.
  5. Kreye yon enstans apati yon klas ou te kreye. Kapte eksepsyon ki ka fèt si yon moun rele yon atribi sou fòm fonksyon, epi afiche yon mesaj ki di li pa yon fonksyon.
  6. Jenere pwòp erè pa w, si itilizatè a pa tape yon chenn (miniskil oubyen majiskil) ki fè pati chif women yo. "IVXLCDM"

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio