Flutter Bootcamp: Devlopman aplikasyon pou Android ak iOS

Flutter Bootcamp: Devlopman aplikasyon pou Android ak iOS

Jounen jodi a, depi wap pale de devlopman aplikasyon mobil, ou pa ka pa rantre Flutter. Majorite devlopè, antreprenè ka temwanye sa Flutter ye. Zouti sa revolisyone jan aplikasyon yo fèt kounya, epi l ede devlopè yo nan kreye aplikasyon (fyab, dirab, fonksyonèl) ki konpatib pou plizyè platfòm. Flutter gen yon kominote ki laj anpil, epi li ofri anpil asistans.

Bootcamp sa la pou aprann ou kòman pou itilize Flutter pou w kapab fè devlòpman aplikasyon(iOS ak Android) ki gen kalite, ki pwisan, ki entèraktif. Kit ou fèk derape nan devlòpman aplikasyon mobil oubyen ou se yon eksperimante nan lòt zouti devlopman mobil, ou ap kapab benefisye anpil epi amize w nan devlòpman aplikasyon ke Flutter ofri yo.

KI KONDISYON ADMISYON YO ?

  • Rete disponib, pandan tout 10 jou pwogram nan (4 jou anliy sou Skype, 6 jou prezansyèl). Sesyon prezansyèl yo, ap andirèk tou.
  • Genyen yon òdinatè pou w kode ki reponn ak kritè sa yo

    • > 4 GB RAM minimòm.
    • > 2 GB ki disponib pou piti pou kapasite
    • > Ekran ki 1280 x 800 pou rezolisyon.
  • Konn kode nan yon langaj POO deja, tankou Dart, Kotlin, Java, JavaScript, C++, C#, ak lòt ankò

KIBO SESYON PREZANZYÈL YO AP FÈT ?

Sesyon prezansyèl yo, ki ap dire 6 jou (Vandredi 17 rive dimanch 19 jen) ak (Vandredi 24 rive dimanch 26 jen) ap fèt nan lokal Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). Adrès la se: 29, 2e riyèl Nazon (Pòtoprens). Ou kapab swiv direksyon an sou map Google la nan lyen sa https://bit.ly/esih-map.

Moun ki pa ka prezan fizikman, ka toujou swiv kou Flutter a anliy nan lyen sa https://bit.ly/kode-flutter. Kou sa konplete tout leson yo.

KONBYEN MOUN KI AP PATISIPE ?

Nou ap seleksyone 40 moun.

Avan w aplike, rasire w ke ou konn kode deja nan yon langaj Pwogramasyon Oryante Objè.

KI BAZ OU DWE GENYEN NAN KODE ?

Chak moun ki aplike dwe konn kode deja nan yon langaj pwogramasyon. Pwogramasyon ki oryante objè, se lesansyèl pou w kapab fè devlòpman aplikasyon ak Flutter.

Ou tou kalifye, si w kode nan langaj sa yo deja:

  • C++
  • Java
  • Dart
  • C#
  • JavaScript
  • Ak kèk lòt ankò....

KÒMAN FOMASYON AN AP FÈT ?

Fòmasyon an ap fèt, baze sou silabis sa, https://bit.ly/kode-flutter, aprè chak leson nou kouvri, nap gen yon travay pratik pou nou fè.

  • Yon aplikasyon chanje to lajan
  • Boutik anliy
  • Yon jwèt Hangman
  • Ak yon pwojè final, ki baze sou reyalite a.

KISA WAP GEN POU W APRANN ?

Bootcamp sa ap aprann ou kreye yon aplikasyon mobil, konekte li ak yon API, yon baz done, epi mete li sou Apple Store, oubyen Google Store ak plis ankò.

Aprè w fini nan bootcamp sa, wap gen tout konpetans pou w kreye pwòp aplikasyon mobil ou epi evolye antanke devlopè aplikasyon mobil. Pou w fini pwogram sa, ou ap gen pou w fè yon pwojè pwofesyonèl pou w boukle kisis la.

Nou toujou bay garanti staj ak travay pou moun ki pi pèfòman yo

ÈSKE AP GEN SETIFIKA ?

Wi, tout aplikan ki fini yo ap jwenn yon Sètifika nan men Code9Class Academy.

KÒMAN OU KA PEYE ?

Ou ka peye ak Moncash/Paypal dirèk sou platfòm nan, nan lyen sa: https://www.code9class.com/ht/courses/aprann-devlope-aplikasyon-mobil-ak-flutter-pou-ios-ak-android/pay/.

Oubyen swiv etap sa yo:

  1. Si w pot kot gen kont, kreye youn sou https://code9class.com/signup/ Oubyen konekte ak kont ou, si w te genyen deja, nan lyen sa: https://code9class.com/signin/
  2. Si w deja gen lajan sou kont Moncash ou, fè transfè a sou nimewo nou di anlè a (3695-8170) sou non Lub Lorry .....
  3. Si w pa gen lajan sou Kont Moncash ou, ale fè depo a sou kont Moncash pa w avan epi fè transfè a sou nimewo nou.
  4. Kontakte staf la pou w konfime transfè a, ak nimewo telefòn ki fè transfè a.
  5. Bay staf la imel ou te mete sou platfòm nan.
  6. W ap resevwa yon PIN sou imel ou ak tout enstriksyon pou w rantre nan klas la. (Imel sa konn tonbe nan SPAM kèk fwa)

KIYÈS KI SIPOTE BOOTCAMP SA ?

Bootcamp sa sponsorize pa Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti, Bedimart, KayTita, ak ZEL Program.

KALANDRIYE BOOTCAMP LA

enter image description here

PLIS KONTAK POU BOOTCAMP LAN

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio