Itilizayon python nan kèk konpayi

Itilizayon python nan kèk konpayi

Python se youn nan langaj ki ap detwone anpil lòt nan itilizasyon, nan pisans... Python se yon langaj pwogramasyon plizyè-nivo, entèprete! Python pèmèt pwogramè yo itilize diferan estil pwogramasyon pou kreye pwogram senp oswa konplèks, jwenn rezilta pi vit, epi ekri klè. Nan ti kout atik sa nou pral liste tout kote sondaj la pwente dwèt sou langaj sa epi kiyès ki ap itilize li.

Selon sondaj stackoverflow 2019 la, Python plase l nan katriyèm(4) pozisyon nan langaj ki plis itilize, sou Github, li plase an dezyem(2) pozisyon. Python nan top 5 pou 2019. Ou ka itilize Python pou devlope aplikasyon mobil, sit wèb ak aplikasyon PC.

Python itilize nan anpil gwo konpayi, men nan atik sa a, nou ap liste sèlman 7 pou ou.

  1. Instagram: Se yon bon ekzanp de gwo konpayi teknoloji ki ap itilize Python epi ki makonnen ak framework ki rele Django a. Rezon ki fè Instagram chwazi Python, se paske langaj sa rekoni pou senplisite ak pisans.

  2. Spotify: Yon lòt gwo zotobre nan teknoloji, SpotifyPython konfyans tou epi li aplike l nan sèvis backend li yo, pou l ka fè analiz done li yo rapid.

  3. Amazon: Se lòt konpayi enpòtan ki enplike Python nan pwodwi li yo. Nan tout solisyon teknoloji ke konpayi a entegre yo, men sou kisa Amazon fokis Python, li fokis li pa ekzanp sou fè sigjesyon pwodwi. Sa montre tout metabolis ki dèyè sa pou w jwenn enterè itilizatè yo.

  4. SurveyMonkey: Se youn nan pi gwo antrepriz sondaj nan monn lan ki trete plis ke milyon repons nan sondaj pa jou. Lè l te fèk lanse, li te konn itilize .NET ak C#. Tout bagay tap byen fonksyone, se tès yo ak deplwaman nouvo fonksyonalite ki te poze pwoblèm. Se pou sa, konpayi a te oblije reyekri aplikasyon an, an Python.

  5. Facebook: Konpayi sa itilize Python pou trete imaj li yo. Ou gentan ka imajine volim foto ki ap telechaje chak jou. Li itilize Python spesyalman pou tretman imaj tankou redimansyone yon imaj.

  6. NASA: Ki se yon sosyete ameriken, ki fè anpil etid sou lespas itiliize Python avèk zouti sa yo ki baze sou Python: SciPy ak TensorFlow pou fonksyònman yo.

  7. Google: Python kounya vini youn nan langaj ofisyèl nan pati backend pou Google. Python konsidere kòm yon zouti done syantifik pou enjenyè ak syantifik.

Gen toujou, men nou jis vle montre w enpòtans Python nan monn teknoloji a, pou langaj pwogramasyon. Tout moun ki ta renmen aprann pwograme, yo toujou konseye w kòmanse ak Python, nou konseye w sa tou. Si w ta vle aprann pwograme ak nou, nou gen kou an liy ak prezansyèl ki baze sou Python ki rele Aprann pwograme ak Python.

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio