Kòman w ka vin yon pwogramè

Kòman w ka vin yon pwogramè

Yon pwogramè se yon moun ki ap ekri pwogram ekzekitab ki otomatize, avèk enstriksyon enfòmatik. Monn nou ap viv la, jounen jodi a, domine pa teknoloji. Aprann pwograme ba w yon gran avantaj pou w pi byen konprann monn lan. Nenpòt metye w ap ekzèse a, oubyen sa wap etidye a - aprann pwograme bon pou ou. Menm si se yon branch, ke tout moun gen dwa pa pran plezi ladan, ou ka jis aprann kode jis pou w gen yon sans de li.

Kode se nan majorite ka, rezoud pwoblèm. Aprann pwograme ap ede w takle nenpòt pwoblèm ou te ka genyen, paske tout pwoblèm ou va konfwonte, ou ap panse ak yon solisyon teknoloji kont yo. Aprann pwograme, pa sèlman ba w kèk konesans teknik, li vin rann lespri w, toujou ap reflechi nan nenpòt sitiyasyon ki poze pwoblèm swa a ou menm, oubyen yon lòt moun oubyen yon lòt bagay - se nan lojik sa ki fè mwen toujou di lè w ap kode panse w al pi lwen.

Mwen arive liste kèk etap senp ki ka fè w konn kijan pou w kòmanse pou w aprann pwograme. Mwen rasire m ke si w ka ap li atik sa, gen etap ki pa enpòtan pou ou ankò.

  • GEN YON ÒDINATÈ, EPI APRANN ITILIZE L

Pou premye pwen sila a, li vrèman enpòtan. Anpil moun twò kole ak telefòn yo, yo rejte yon òdinatè. Mobil la gen enpòtans pa l. Pou w vin yon pwogramè, fòk ou gen yon òdinatè, epi fòk ou konn itilize l. Tankou, konn kòman w ka enstale yon lojisyèl, retire lojisyèl, fè analiz memwa machin nan... elatriye.

  • APRANN ITILIZE ENTÈNÈT

Lè mwen ap pale de entènèt, m pap pale de rezo sosyal oubyen aplikasyon mesaj tankou whatsapp menm jan anpil moun rezime entènèt. Mwen vle pale de konn kijan entènèt fonksyone, ki sa ki entènèt, ki pi bon fason pou w navige sou entènèt, lè w sou entènèt ki done ou pataje, epi ak kiyès ou pataje done sa yo.

  • KONNEN SENTAKS ALGORIT POU PWOGRAMASYON

Algorit se yon pwosedi otomatize tankou yon sòt de resèt ki di yon òdinatè men sa pou l fè etap pa etap, pou l arive fè sa l dwe fè a. Algorit enpòtan anpil pou w fè, avan w pase nan etap pou kode a. Nan plis ka, yon pwogramè ale sou papye li fè algorit sa l pral fè a (Nan lang moun ka konprann paske algorit gen sentaks pwòp a li menm), lè l fini, li kòmanse kode li nan langaj machin. Si w pa ko konn nosyon algorit, ou ka kòmanse ak kou sa ke Code9Haiti ofri ki rele Aprann ak metrize konsèp algorit.

  • CHWAZI YON LANGAJ, EPI KÒMANSE PWOGRAME

Yon langaj pwogramasyon se yon mwayen ki pèmèt ke moun kominike ak yon machin, paske tout machin konprann langaj binè, donk langaj pwogramasyon an pèmèt ke ou ekri kòd nan yon lang ke moun ka konprann, epi langaj pwogramasyon an konvèti li pou machin nan konprann.

Chaje langaj pwogramasyon. Ou gen pou w chwazi ki langaj ou wè w te ka pi alèz pou w aprann kode, genyen pa ekzanp: Java, Python, Go, Javascript, C++, C#... Langaj ki pi fasil ke anpil moun sigjere pou w kòmanse epi ki pisan se Python. Mwen tou mwen sigjere ou kòmanse ak li. Code9Haiti gen yon kou li ofri ki rele Aprann Pwograme ak Python, kote w ka aprann pwograme ak kou sa, oubyen pou kont ou, menm jan kèk pwogramè te kòmanse.

  • PRATIKE, PRATIKE, PRATIKE...

Dènye etap la, se pratike toutan epi souvan, sinon ou pap ka alèz ak sentaks yo, tout moun ki vin bon pwogramè, se paske yo pratike souvan. Pa gen yon fason ki fiks, ke yon fonksyonalite ka fèt, chaje lòt fason. Donk tant ou pratike, se tant wap alèz pou w konprann epi envante fason ki pi rapid ak pisan pou w rezoud yon pwoblèm.

Mwen swete Ayiti posede yon nouvo pwogramè aprè w fin li atik la, nou bezwen plis moun nan sektè a.

Bravo chanpyon pou desizyon w pou w vin yon pwogramè, nou garanti w, wap renmen l. Epi nan Code9Haiti nou kreye yon kominote pou w ka nan anviwònman w, epi enteraji ak lòt pwogramè parèy ou.

Lè w ap kode ou panse pi byen! Lè w ap kode panse w al pi lwen!

Men yon senp foto ki ilistre gran pwen yo enter image description here

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio