Navigasyon prive sou entènèt

Navigasyon prive sou entènèt

Navigasyon prive, se yon fason konfidansyèl oubyen yon fason ke yo itilize pou pèmèt ou dezaktive istorik tout sa wap fè, kach[Cache] sou Entènèt. Sa pèmèt yon moun navige san li pa kite tras nan aparèy l ap itilize a ki te ka bay pwoblèm pi devan.

Youn nan tout fonksyonalite navigatè yo ofri, se pèmèt ou dezaktive opsyon ki fè sa w ap fè yo anrejistre sou aparèy w ap itilize a. Youn nan fonksyonalite sa yo se koukiz[COOKIES] ki ba sit wèb la posibilite pou l swiv ak anrejistre tout sa w ap fè. Navigasyon prive a yo rele l tou Mòd Konfidansyèl oubyen Mòd Navigasyon Prive.

Si w pa konnen l, oubyen w pa wè de kisa mwen ap pale a, mwen pral ede w wè li nan 5 navigatè ki plis itilize nan mond lan: Chrome, Firefox, Opera, Safari ak Edge

Chrome

li rele an fransè: Nouvelle fenêtre de navigation privée

li rele an anglè: New Incognito Window

Chrome pa kenbe tras anyen pou ou, tankou enfomasyon nan fomilè w voye ale yo, oubyen rechèch ke w fè. Li pap kenbe tras fichye w telechaje yo, men y ap rete sou aparèy la.


Firefox

li rele an fransè: Fenêtre Privée

li rele an anglè: New Private Window

Istorik sa w ap fè, rechèch ak koukiz[COOKIES] pa anrejistre, sa w telechaje yo anrejistre.


Safari

li rele an fransè: Navigation Privée

li rele an anglè: New Private Window

Li efase fichye yo lè w fèmen navigatè a. Istorik navigasyon w yo, done fomilè w yo, koukiz[COOKIES], tout efase.


Opera

li rele an fransè: Nouvelle Fenêtre Privée

li rele an anglè: New Private Window

Aprè tout fonksyonalite bazik menm jan ak lòt yo, Opera ofri yon fonksyonalite anplis, VPN (Virtual Private Network).


Edge

li rele an fransè: Nouvelle Fenêtre InPrivate

li rele an anglè: New InPrivate Window

Fichye koukiz[Cookies], istorik navigasyon, done fomilè yo, yo pa anrejistre. fichye w telechaje yo rete, menm aprè ke ou fèmen fenèt prive a.

Donk poukisa w dwe itilize navigatè prive?

Chaje rezon valab ki pou ta fè w itilize navigasyon prive. Navigasyon prive ap ede w rete nan lonbraj de sa k ap fèt yo, yon fason pou w evite yo wè w.

Eske w konn itilize odinatè nan otèl, odinatè zanmi w, oubyen yon enkoni ke w kwaze? Menm si risk la ka toujou prezan lè w itilize aparèy ki pa pou ou, pou ou konsilte done pesonèl ou, navigasyon prive ka redwi ris la. Si w vle konsilte imel oubyen ou vle konekte sou facebook, mwen konseye w itilize navigatè prive pou tout sa w te fè yo pa rete lè w fin itilize aparèy sa a, ki pa pou ou a.

Men toujou konnen, tout bagay sou Entènèt pa a 100% sekirize, pwoteje tèt ou!

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio