Python Bootcamp: Aprann pwograme ak Python

Python Bootcamp: Aprann pwograme ak Python

Python se yon bèl langaj pwogramasyon, Python ka itilize nan devlopman wèb, jwèt videyo, entèlijans atifisyèl, aprantisaj machin, syans done, elatriye.... Python se youn nan langaj kap vale teren nan moman la nan popilarite epi li fèk kare grandi toujou.

Python fasil pou aprann, paske sentaks li yo pwòp ; se yon langaj chak grenn pwogramè ta dwe konnen.

Bootcamp sa la, pou aprann ou baz algorit, aprann ou kode ak Python, epi kapab kreye lojisyèl ak li. Aprè Bootcamp sa, wap gen tout konpetans pou w oryante nan kreye sitwèb, jwèt, aplikasyon mobil, oubyen plis ankò: entèlijans atifisyèl ak syans done

KÒMAN FÒMASYON AN AP FÈT ?

Fòmasyon an ap fèt, baze sou silabis sa, https://bit.ly/kode-python, aprè chak leson nou kouvri, nap gen yon travay pratik pou nou fè.

  • Yon jwèt - La woulèt
  • Yon viris(vè) enfòmatik
  • Wòch - Papye - Sizo
  • Yon lojisyèl diksyonè kreyòl.

KI KONDISYON ADMISYON YO ?

  • Rete disponib anliy oubyen prezansyèl, pandan tout 14 jou pwogram nan. (Sesyon prezansyèl yo, ap andirèk tou)
  • Genyen yon òdinatè pou w kode.

KIBÒ SESYON PREZANZYÈL YO AP FÈT ?

Sesyon prezansyèl yo, ap fèt nan lokal Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). Adrès la se: 29, 2e riyèl Nazon (Pòtoprens). Ou kapab swiv direksyon an sou map Google la nan lyen sa https://bit.ly/esih-map.

Moun ki pa ka prezan fizikman, ka toujou swiv kou Aprann Pwogram ak Python an anliy nan lyen sa https://bit.ly/kode-python. Kou sa konplete tout leson yo.

KONBYEN MOUN KI AP PATISIPE ?

Nou ap seleksyone 70 moun, divize an 2 sal (35 moun).

KISA W AP GEN POU W APRANN ?

Bootcamp sa se yon bon entwodiksyon pou w entwodi nan konsèp pwogramasyon fondamantal, ak nan langaj pwogramasyon Python. W ap aprann kreye pwogram pou sistèm Windows, MacOS oubyen Linux.

Aprè w fini nan bootcamp sa:

  • Ou ap vin yon pwogramè Python
  • W ap gen tout ekspètiz pou w oryante nan devlopman pou wèb, telefòn, oubyen òdinatè
  • W ap kapab devlope lojisyèl konsòl pou òdinatè

ÈSKE AP GEN SETIFIKA ?

Wi, tout aplikan ki fini yo ap jwenn yon Sètifika nan men Code9Class Academy.

KI PRI BOOTCAMP LAN ?

Gras ak sipò sponsò nou yo, Pri Bootcamp lan desann nan yon pri ki abòdab: 2,500 Goud (ki ka peye nan 2 tranch).

KÒMAN OU KA PEYE ?

Ou ka peye ak Moncash/Paypal dirèk sou platfòm nan, nan lyen sa: https://www.code9class.com/ht/courses/aprann-pwograme-ak-python/pay/.

Oubyen swiv etap sa yo:

  1. Si w pot kot gen kont, kreye youn sou https://code9class.com/signup/ Oubyen konekte ak kont ou, si w te genyen deja, nan lyen sa: https://code9class.com/signin/
  2. Si w deja gen lajan sou kont Moncash ou, fè transfè a sou nimewo nou di anlè a (3695-8170) sou non Lub Lorry .....
  3. Si w pa gen lajan sou Kont Moncash ou, ale fè depo a sou kont Moncash pa w avan epi fè transfè a sou nimewo nou.
  4. Kontakte staf la pou w konfime transfè a, ak nimewo telefòn ki fè transfè a.
  5. Bay staf la imel ou te mete sou platfòm nan.
  6. W ap resevwa yon PIN sou imel ou ak tout enstriksyon pou w rantre nan klas la. (Imel sa konn tonbe nan SPAM kèk fwa)

KIYÈS KI SIPÒTE BOOTCAMP SA ?

Bootcamp sa sponsorize pa Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti, Bedimart, KayTita, ak ZEL Program.

KALANDRIYE BOOTCAMP LA

enter image description here

PLIS KONTAK POU BOOTCAMP LAN

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio