Yon bon fason sekirize pou modpas ou yo

Yon bon fason sekirize pou modpas ou yo

Jounen jodi a, mwen ak ou, nou konsyan de enpòtans yon bon modpas pou sa wap itilize yo. Li enpòtan pou w gen yon modpas konplike ke menm ou menm pa ka sonje. Men li konn difisil dèfwa pou w itilize modpas ou yo, nan ka kote ou gen yon pakèt kont wap itilize. Mwen pral montre w yon fason efikas kote w ka itilize modpas konplike kote menm ou menm ka sonje yo, san okenn kè sote.

Gen anpil moun ki kenbe modpas yo ap itilize yo nan tèt yo. Konsa tou, genyen ki anrejistre l nan yon fichye, epi yo anrejistre yo sou yon cloud[Se yon estokaj an liy], konsa yo gen aksè ak modpas la nenpòt kote yo ye. Genyen lòt moun ki kripte modpas yo poukont yo, oubyen ki itilize lojisyèl ki fè l pou yo, tankou LastPass

Nan ka, kote ou pa vle bay lòt moun oubyen lòt lojisyèl, aksè ak modpas ou yo, ni w pa vle mete yo sou cloud, map pale w de teknik m te konn itilize avan. Se te anrejistre tout modpas mwen yo nan yon fichye, epi m sere l sou òdinatè m. Mpa mete li sou cloud. Men sa te vin limite m dèfwa paske pafwa m pa gen aksè ak laptòp mwen, oubyen mpa avèk li.

Men teknik mwen ap itilize kounya, ke mwen twouve ki efikas, san m pa di se li ki pi bon - nap teste li.

Premye sa nap fè, fòk ou ta gen yon baz modpas ki idantik pou tout kote wap itilize modpas ou yo. Aprè ou dwe jenere yon konbinezon de yon bagay ki pwòch ak ou, kote se sè l ou ki konnen l, e wap toujou konnen l. Answit jenere yon konbinezon ki pwòp ak platfòm ki parèt devan w lan. Ban mwen montre w sa map di a nan yon ekzanp

Imajine, mwen pran yon modpas idantik tankou ayibobo, mwen kole li ak yon bagay ki pwòch mwen, kote m pap janm ka bliye li. komedyen ayisyen m renmen se dezirab. platfòm mwen ye la kounya se code9haiti, mwen pran 2 premye karaktè ki nan non sit la ki se co, epi mwen pran pozisyon yo nan alfabè a ki se 3 epi 15. Donk mwen vin gen yon modpas konsa: ayibobodezirab315. Epi dènye bagay ou gen pou w fè se konvèti chak karaktè ki gen resanblans li nan karaktè espesyal yo: a sanble ak @, e sanble &, donk modpas la vini : @yibobod&zir@b315

Toujou mete nan tèt ou pap gen a nan modpas ou se @, pap gen e se &. Chak fwa m parèt pou m antre nan yon sistèm, premye sa m genyen an se modpas m toujou itilize a ki se ayibobo mwen kole li ak non komedyen prefere mwen an ki se dezirab. Sonje pati sa yo dwe toujou menm bagay sou tout platfòm, sa ki pral diferan, se chif ki pral derive de 2 premye karaktè nan platfòm ou ye a; sa vin rann chak platfòm mwen ye, gen modpas pa yo. Nan ka pa m nan se co pour code9haiti, epi mwen konvèti tout a an @, epi tout e an &

Pa itilize menm sa mwen fè la, itilize pwòp pa w , lesansyèl se wè kòman w ka itilize modpas ou yo pou yo konplike epi pou w kapab sonje sa yo ye.

BONIS: Mwen te ka itilize zero(0) nan plas tout o yo.

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio