Aprann epi ajoute premye pwojè w sou git

Dènye mizajou: 18 Jan. 2024 11:26 a.m.
Tag :
Reading Duration : 0:05:00
Vizyalizasyon : 274
Disponib an : Kreyòl Ayisyen

Nan titoryèl sa mwen pral montre w kòman ou ka mete nenpòt pwojè w genyen sou git. Pou w fè sa li, li esansyèl pou w genyen yon kont sou swa Github oubyen Bitbucket, poun site sa yo senpleman.

Pou w kòmanse, ale sou platfòm bitbucket.org oubyen github.com pou w kreye yon kont. Lè w fin kreye kont lan, ou dwe ajoute yon nouvo repository(Yon dosye git)!

Lè w ap kreye nouvo repository sa, ou ka ajoute ladan yon fichye .gitignore, readme(Fichye enstriksyon) oubyen lisans pou pwojè w la (Sa yo opsyonèl)

Fichye .gitignore se yon fichye tèks kote chak liy ki ladan yo se yon entèpretasyon de fichye oubyen dosye ki dwe inyore pa git.

Si w sou linux(Ubuntu pa ekzanp), ou ka enstale git ak kòmann sa yo:

sudo apt update
sudo apt install git

Oubyen si w gen lòt vesyon linux/unix, Windows oubyen MacOS, ou ka ale sou sit sa pou w telechaje git ki konpatib pou ou a.

Lè w fin enstale li, pa bliye pozisyone w kote pwojè ou a ye a. Se menm jan ak tèminal ou konn itilize avan yo. An n sipoze pwojè m nan te nan /home/lemayzeur/dev/pwojem. Mwen ap pozisyone m ladan ekzat ak cd /home/lemayzeur/dev/pwojem.

Lè w nan rasin pwojè w la, inisyalize pwojè a ak kòmann sa:

git init

Kòmann sa, inisyalize yon dosye git ki vid. Donk pou w ajoute pwojè w la ladan, ou dwe itilize kòmann

git add .

(.) Pwen an se pou presize tou rasin dosye kote m ye. Si m te nan ka kote se yon fichye espesifik m tap ajoute, m tap fè git add chemen_fichye_a.

Kounya ke mwen ajoute pwojè m nan, nan git. Li enpòtan pou m commit fichye sa yo ke mwen ajoute a yo. Lè wap commit(valide) fichye sa yo, ou kapab mete yon mesaj ki pou raple w ki modifikasyon oubyen ki sa w te ajoute yo.

git commit -m "Premye komit mwen"

Kounya, randevou sou kont bitbucket.org oubyen github.com ou te kreye a. Ou pral jis kopye URL repository ou te kreye a. Men lyen pa m nan sou Github: https://github.com/lemayzeur/pwojem.git.

Lè w fin genyen lyen sa: Ou dwe relye l ak pwojè lokal ou a, pou kòd yo ka ale anliy sou Github oubyen Bibucket. W ap fè sa ak kòmann git remote add origin lyen_anliy_la. Nan ka pa m nan se:

git remote add origin https://github.com/lemayzeur/pwojem.git

Ou ka fè git remote -v pou w verifye si lyen an ajoute. Ou gen kèk rezilta konsa:

git remote -v
origin https://github.com/lemayzeur/pwojem.git (fetch)

Lè w fini, ou kapab voye pwojè w la anliy ak kòmann git push:

git push -f origin master
  • -f ka se pou w fòse commit la fèt anliy.

  • origin master se pou m presize sou ki branch m ap voye li. Sa konn rive ou gen yon pwojè ki gen plizyè branch. Pa ekzanp: branch devlòpman, branch pwodiksyon, branch tès, elatriye... Chak branch yo se tankou yon kopi endepandan youn ak lòt. Ou ka presize non branch lan lè w ap push ak origin non_branch.

Epi vwala ou voye pwojè w la sou git epi w mete kòd yo an liy. Ou ka verifye sou Bitbucket oubyen Github pou w wè repository ou a gen fichye pwojè w yo.

Chak chanjman ou fin fè, epi w bezwen mete chanjman sa anliy. Se git add . pou w ajoute fichye chanje yo, epi w push.

Si w sou yon lòt òdinatè , oubyen ou sou yon lòt sèvè, epi w bezwen desann pwojè sa sou li. git pull lyen_pwoje_a la pou sa, oubyen Github bay posiblite pou w fè git clone lyen_pwoje_a.

Si pwojè a deja gen URL li ki konfigire nan git pwojè a sou òdinatè w ap kopye l la, ou pa bezwen presize URL, jis fe git pull. Ou ka presize ki branch ou ou vle pull sou li tou ak git pull origin non_branch_la