Atansyon ak WiFi Piblik

Atansyon ak WiFi Piblik

Sa rive anpil moun ke, pafwa yo ap fè fas ak yon sèl opsyon ki se konekte sou yon Wi-Fi ki piblik, ki pa sekirize. Jis paske sa w vle fè a pa ka tann. Fòk ou fè anpil atansyon ak sa w ap fè a, li enpòtan tou pou w konprann ris ki genyen lè w ap itilize Wi-Fi konsa jis pou w ka pwoteje tèt ou kont tout vye pirat.

Kisa yon Wi-Fi piblik ye? Wi-fi piblik se tankou yon pon ki ba w aksè sou entènèt gratis. Ou ka jwenn Wi-Fi sa yo nan ayewopò, restoran, otèl, elatriye...

Gen anpil moun ki pran plezi konekte sou yo san panse ak sa ki ka rive. Si w abitye tcheke kont bank ou, kat kredi w, tcheke imel ou, ben atik sa enpòtan pou ou, pou w evite fè sa yon lòt fwa.

Mwen ap kòmanse pale ak ou, si w konn abitye fè sa, ak konsèy sa: Toujou fè atansyon lè w ap konekte sou wifi piblik, oubyen pa konekte sou yo ankò.

Gen anpil fay ki montre ke yon pirat ka kanpe nan mitan ou menm ak Wi-Fi ou konekte a, pou l pran tout enfòmasyon sansib ou yo, menm enfòmasyon ou panse ki kripte. Sa vle di, olye w panse w ap echanje enfòmasyon ak yon platfòm, se ba yon pirat enfòmatik w ap voye enfòmasyon sa yo.

Se pa premye fwa mwen ap di moun pa konekte sou Wi-Fi ki piblik, ki pa sekirize. Mwen remake moun toujou kontinye fè sa. Kounya, olye mwen mande moun pa konekte sou yo, mwen pito montre yo kòman yo ka konekte pou yo pwoteje tèt yo, sa yo ka fè, ak sa yo pa dwe fè, men konnen ke li pa 100% garanti. Se sa k fè mwen ap di ou reflechi avan w fè sa, poze tèt ou kesyon si vrèman ou dwe konekte, si gen ijans.

PA AKTIVE KONEKSYON OTOMATIK POU WI-FI

Opsyon sa ap fè nenpòt aparèy ou genyen depi l jwenn yon Wi-Fi ki gratis li ap konekte sou li. Sa ap reprezante yon danje si w gen kèk opsyon enpòtan ki aktive. Nou pral pale de yo nan lòt pwen yo.

OU KA KONEKTE AK YON VPN

VPN: Virtual Private Network. Ou ka konekte yon VPN, menm jan li konn ede w pou w maske rejyon w lan, nan ka yo ta entèdi vrè rejyon w lan. Se menm jan sa li ka pèmèt ou konekte ak tout sekirite de yon rezo a yon lòt rezon sou entènèt. Navigatè ki rele Opera ofri li nan fonksyonalite li yo.

AKTIVE YON BON PLAN ENTÈNÈT

Olye w ap plede konekte sou Wi-Fi piblik, li t ap vrèman itil ou si w te ka abone w ak yon plan nan yon konpayi ki ofri sa, pou w ka gen pwòp rezo pa w. Si w gen mwayen pou w ofri tèt ou li, mwen konseye w fè sa.

ITILIZE SSL POU TOUT KONEKSYON

Si w pa gen posiblite fè sa mwen di anlè a yo, ou ka toujou rasire w ke ou toujou itilize SSL (Secure Sockets Layer) nan tout koneksyon w. Aktive opsyon sa, pou l toujou itilize koneksyon ki sekirize sèlman ak pwotokòl ki sekirize. Aktivasyon opsyon sa diferan nan chak navigatè.

PA ITILIZE OKENN ENFÒMASYON SANSIB

Si w pa vle fè youn nan sa m di yo, ben ou ka toujou evite rantre enfòmasyon ki sansib yo: Imel, Enfòmasyon Bank, Enfòmasyon Kat kredi... Li pa vrèman nesesè, si se pou w jis al fè yon bagay banal (gad videyo, fè yon rechech) san w pa nan bay okenn enfòmasyon sansib. Men atansyon, dènye opsyon sa mwen pral di la a, enpòtan

DEZAKTIVE OPSYON KI PATAJE FICHYE A

Li pa nesesè pou w kite opsyon pataje fichye a aktive. Si w ap konekte sou Wi-Fi sa yo, dezakte opsyon an. Li fasil pou w dezaktive, sa depan de OS (Operating System) w ap itlize a. Si w ap itilize windows, jis chwazi opsyon "Public" lè w fè k konekte ak yon Wi-Fi, lap dezaktive opsyon pataje fichye a pou kont li.

Sa ka rive ou twouve w nan yon ka ijan ou pa ka fè tout etap sa yo pou w sekirize tèt ou. Toujou sonje enfòmasyon sansib ou yo, dwe rete ak ou menm. Anpil mal ka rive w si enfòmasyon sa yo, tonbe nan men yon lòt moun ki gen move entansyon. Yon moun pa janm twò pridan.

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio