Fòmasyon: Kreye yon sit eCommerce

Fòmasyon: Kreye yon sit eCommerce

Django se yon kad travay ki fèt ak langaj pwogramasyon Python, ki rann lavi devlopè fasil. Ak zouti sa ou kapab devlope sitwèb byen rapid - sekirite ak fasilite garanti. Kad travay sa baze sou konvansyon MVC a ki se: "Model View Controller". fòmasyon sa garanti epi li trase chimen w.

KÒMAN FÒMASYON AN AP FÈT ?

Fòmasyon an ap fèt, baze sou yon pwojè [sit boutik anliy] ki ekziste deja ki fèt ak bwat zouti (Python/Django, JavaScript, HTML, CSS). Ou ap aprann konnen pwojè a, epi kòman w ka modifye kòd yo, oubyen ajoute kontni sou li.

Konsa w ap ka ajoute pwodwi, ajoute vandè, vann, epi resevwa pèman.

KI KONDISYON ADMISYON YO ?

  • Rete disponib anliy oubyen prezansyèl, pandan tout 7 jou pwogram nan.
  • Genyen yon òdinatè pou w travay.
  • Gen yon baz nan langaj Python deja.

KIBÒ SESYON PREZANZYÈL YO AP FÈT ?

Sesyon prezansyèl yo ap fèt nan lokal Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). Adrès la se: 29, 2e riyèl Nazon (Pòtoprens). Ou kapab swiv direksyon an sou map Google la nan lyen sa https://bit.ly/esih-map.

Moun ki pa ka prezan fizikman, ka toujou swiv fòmasyon an anliy sou Skype. Lè w aplike, w ap resevwa lyen rankont lan.

KONBYEN MOUN KI AP PATISIPE ?

Nou ap pran sèlman 15 moun pou pi plis. 15 premye ki kalifye, epi ki peye.

KISA W AP GEN POU W APRANN ?

Fòmansyon sa ap fè w konnen Django ki se yon Framework pou w kreye sitwèb.

Aprè w fini nan fòmasyon sa:

  • Wap tou soti ak sitwèb ou ebèje anliy.
  • Wap kapab vann epi fè modifikasyon sou li.
  • Wap tou entegre pèman Moncash, Paypal ak kat sou sit la.

ÈSKE AP GEN SETIFIKA ?

Wap gen yon sitwèb boutik ki tou fèt, pou ou. Pandan fòmasyon an, wap tou gen aksè ak yon kou anliy sou Django. Si w fini kou sa, wap kapab resevwa sètifikasyon.

KI PRI FÒMASYON AN ?

Pri a se 3000 Goud (ki ka peye nan 2 tranch).

  1. 2000 Goud
  2. 1000 Goud

NB: Si se ak MonCash ou peye, wap ajoute frè total la ki se 135 goud.

KÒMAN YON MOUN KA PEYE ?

Peye ak Moncash/Paypal dirèk sou platfòm nan, nan lyen sa: https://www.code9class.com/ht/courses/aprann-devlope-sitweb-ak-django/pay/.

Oubyen swiv etap sa yo:

  1. Si w pot kot gen kont, kreye youn sou https://code9class.com/signup/ Oubyen konekte ak kont ou, si w te genyen deja, nan lyen sa: https://code9class.com/signin/
  2. Si w deja gen lajan sou kont Moncash ou, fè transfè a sou nimewo nou di anlè a (3695-8170) sou non Lub Lorry .....
  3. Si w pa gen lajan sou Kont Moncash ou, ale fè depo a sou kont Moncash pa w avan epi fè transfè a sou nimewo nou.
  4. Kontakte staf la pou w konfime transfè a, ak nimewo telefòn ki fè transfè a.
  5. Bay staf la imel ou te mete sou platfòm nan.
  6. W ap resevwa yon PIN sou imel ou ak tout enstriksyon pou w rantre nan klas la. (Imel sa konn tonbe nan SPAM kèk fwa)

KALANDRIYE FÒMASYON AN

  • Lendi: 12pm - 1pm : Anliy(Skype)
  • Madi: 12pm - 1pm : Anliy(Skype)
  • Mèkredi: 12pm - 1pm : Anliy(Skype)
  • Jedi: 12pm - 1pm : Anliy(Skype)
  • Vandredi: 12pm - 1pm : Anliy(Skype)
  • Samdi: 10pm - 3pm ; Sou plas nan lokal la
  • Dimanch: 10am - 3pm ; Sou plas nan lokal la

PLIS KONTAK POU FÒMASYON AN

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio