KÒMAN FÒMASYON AN AP FÈT ?

Fòmasyon an ap fèt, baze sou silabis sa, https://bit.ly/kode-python, aprè chak leson nou kouvri, nap gen yon travay pratik pou nou fè.

  • Yon jwèt - La woulèt
  • Yon viris(vè) enfòmatik
  • Wòch - Papye - Sizo
  • Yon lojisyèl diksyonè kreyòl.

KI KONDISYON ADMISYON YO ?

  • Rete disponib anliy oubyen prezansyèl, pandan tout 14 jou pwogram nan. (Sesyon prezansyèl yo, ap andirèk tou)
  • Genyen yon òdinatè pou w kode.

KIBÒ SESYON PREZANZYÈL YO AP FÈT ?

Sesyon prezansyèl yo, ap fèt nan lokal Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). Adrès la se: 29, 2e riyèl Nazon (Pòtoprens). Ou kapab swiv direksyon an sou map Google la nan lyen sa https://bit.ly/esih-map.

Moun ki pa ka prezan fizikman, ka toujou swiv kou Aprann Pwogram ak Python an anliy nan lyen sa https://bit.ly/kode-python. Kou sa konplete tout leson yo.

KONBYEN MOUN KI AP PATISIPE ?

Nou ap seleksyone 70 moun, divize an 2 sal (35 moun).

KISA W AP GEN POU W APRANN ?

Bootcamp sa se yon bon entwodiksyon pou w entwodi nan konsèp pwogramasyon fondamantal, ak nan langaj pwogramasyon Python. W ap aprann kreye pwogram pou sistèm Windows, MacOS oubyen Linux.

Aprè w fini nan bootcamp sa:

  • Ou ap vin yon pwogramè Python
  • W ap gen tout ekspètiz pou w oryante nan devlopman pou wèb, telefòn, oubyen òdinatè
  • W ap kapab devlope lojisyèl konsòl pou òdinatè

ÈSKE AP GEN SETIFIKA ?

Wi, tout aplikan ki fini yo ap jwenn yon Sètifika nan men Code9Class Academy.

KI PRI BOOTCAMP LAN ?

Gras ak sipò sponsò nou yo, Pri Bootcamp lan desann nan yon pri ki abòdab: 2,500 Goud (ki ka peye nan 2 tranch).

KÒMAN OU KA PEYE ?

Ou ka peye ak Moncash/Paypal dirèk sou platfòm nan, nan lyen sa: https://www.code9class.com/ht/courses/aprann-pwograme-ak-python/pay/.

Oubyen swiv etap sa yo:

  1. Si w pot kot gen kont, kreye youn sou https://code9class.com/signup/ Oubyen konekte ak kont ou, si w te genyen deja, nan lyen sa: https://code9class.com/signin/
  2. Si w deja gen lajan sou kont Moncash ou, fè transfè a sou nimewo nou di anlè a (3695-8170) sou non Lub Lorry .....
  3. Si w pa gen lajan sou Kont Moncash ou, ale fè depo a sou kont Moncash pa w avan epi fè transfè a sou nimewo nou.
  4. Kontakte staf la pou w konfime transfè a, ak nimewo telefòn ki fè transfè a.
  5. Bay staf la imel ou te mete sou platfòm nan.
  6. W ap resevwa yon PIN sou imel ou ak tout enstriksyon pou w rantre nan klas la. (Imel sa konn tonbe nan SPAM kèk fwa)

KIYÈS KI SIPÒTE BOOTCAMP SA ?

Bootcamp sa sponsorize pa Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti, Bedimart, KayTita, ak ZEL Program.

KALANDRIYE BOOTCAMP LA

enter image description here

PLIS KONTAK POU BOOTCAMP LAN