Sa w dwe fè avan w kode yon aplikasyon

Sa w dwe fè avan w kode yon aplikasyon

Kode yon aplikasyon wèb oubyen mobil ka fasil, menm jan li ka difisil tou, sa depann de fonksyonalite ki pral ladan yo. Gen yon bagay ki vrèman enpòtan nan defini nivo devlòpman yon pwojè, se ki jan w te prepare devlòpman sila a. Yon aplikasyon ki ta sipoze fasil pou devlope ka vin yon kaskèt chinwa pou ou si w pa byen prepare baz yo. Se kèk etap efikas ke mwen pral aprann ou nan atik sila a.

Prepare devlòpman yon aplikasyon enpòtan anpil pou nenpòt devlopè. Nou divize etap sa yo nan 2 katogori ki se: Pati planifikasyon avèk pati pwototip.

#Pati planifikasyon

Nan pati planifikasyon an, ou dwe planifye 6 etap ki vrèman enpòtan. Nou te fè yon videyo an dirèk sou pati sa sou facebook, ou ka swiv li nan Etap Avan Ou Kode - Jou #1: Pati Planifikasyon

1- Kaye tout chaj yo: Nan premye etap sila a, ou dwe fè yon dokiman ki reflete tout aplikasyon w lan totalman, li dwe gen tout deskripsyon de tout fonksyonalite yo, ou ka akonpaye dokiman sa ak kèk imaj de aplikasyon w lan nan jan l ta dwe ye. Kaye tout chaj la pa ka rive nan bout wout, li dwe reflete tout aplikasyon an, se sak fè ou dwe byen reflechi epi pran tan w pou w fè aplikasyon an. Sa ka rive dokiman sa chanje, oubyen l pa byen detaye pwojè a, sa konn rive - se pou sa w pral gen dokiman detay la. Si se pou yon kliyan wap devlope aplikasyon sila a, ou dwe chita ak kliyan pou w tande li pou w defini kaye tout chaj la, nan ka kliyan pa genyen l deja. Si w nan pwosesis pou w negosye ak yon klikan, li 7 etap efikas pou w negosye ak yon kliyan

2- Detay Pwojè a: Se yon dokiman ki defini tout tach yo, tout sa k dwe akonpli nan pwojè a. Ladan dwe presize tach ki depann de lòt, sa vle di tach ki ta sipoze akonpli avan yon lòt tach.

3- Kalandriye: Ou dwe defini kalandriye w pa rapò ak detay pwojè a. Nan kalandriye a, ou pa dwe mete dat w ap fini yon tach, men pito mete entèval tan. Tankou w ka di tèl tach ap pran 24 èdtan.

4- Bidjè: Etap sa enpòtan anpil kit se ou ki pral travay pou kont ou, oubyen ak lòt moun. Si tout fwa ou pral travay ak yon ekip, ou dwe panse a mete yon bidjè la pou sa. Pa bliye gen sèvis pwojè w la mande ou dwe mete yon bidjè la pou sa, tankou yon non domèn. Bidjè a enpòtan pou w ka pwokire resous ak materyèl pou devlòpman pwojè a.

5- Resous ak materyèl: Pati nan bidjè a fèt pou resous ak materyèl. Donk ou dwe kòmanse panse si se espas ou pral lwe pou devlòpman pwojè a, plan entènèt, invètè, elatriye... Nou gen pou n pale de pwototip, donk bidjè a dwe gen yon fon pou: papye, makè, otokolan, lojisyèl, ak lòt ankò...

6- Defini ekip ou: Idantifye bezwen w pou pwojè a, epi kòmanse kreye ekip ou. Sa ka rive w pa gen ase konesans pou w akonpli tout tach yo. Nou ka liste kèk wòl ki ka enpòtan pou w demare aplikasyon w lan:

Lidè ekip: Tout ekip dwe genyen yon lidè, yon moun ki pou pran desizyon final la.

Grafis: Yon moun ki ka fè pwototip desen, logo, imaj ke aplikasyon an ap bezwen.

Yon devlopè back-end

Yon devlopè front-end

Yon moun ki administre baz done

#Pati pwototip

Pwototipe yon aplikasyon se repwodwi aplikasyon w lan se ke w pa kode li, se yon similasyon de tout entèraksyon aplikasyon an san l pa ko konstwi. Pwototipe ap pèmèt ou epanye yon pil kòve paske w ap ka teste aplikasyon w lan nan tout kwen l, lap pèmèt ke aplikasyon w lan baze sou done ke w jwenn nan men moun ou sible yo, olye de sou kèk ipotèz ke w pat janm teste nan monn reyèl la. Nou pral ba w 4 fason pou w pwototipe aplikasyon w lan avan w rantre dirèk nan kòd konplèks yo. Ou ka swiv li an dirèk nan Etap Avan Ou Kode - Jou #2: Pati Pwototip

1- Pwototip desen: Nan pi plis ka, se yon grafis oubyen yon moun ki konn fè desen ki fè pwototip sa yo. Yon fason efikas yon moun ka kòmanse pwototip yon aplikasyon se enprime 2 entèfas telefòn oubyen plizyè. enter image description here

Ou ka enprime òdinatè tou sa depan de aplikasyon wap devlope a, epi kòmanse desine chak entèfas aplikasyon w lan. enter image description here

Ou ka telechaje fèy sa(mobil), oubyen fèy sa(òdinatè), pou w enprime epi kòmanse pwototip pa w la.

2- Pwototip papye: Se preske menm jan ak pwototip desen an, sof ke papye a enpòtan pou w fè similasyon, tankou si w gen yon bouton ki ap afiche yon fenèt, ou ka simile li ak yon papye, si w gen yon meni dewoulan, ou ka simile li ak papye. Pou w fè pwototip papye a, ou dwe achte makè, papye, otokolan, tonbòn, agrafèz, kòl, elatriye... enter image description here

3- Pwototip dijital: Pwototip sa se yon fason pou w teste ipotèz aplikasyon w lan yo avan l kontwi apati de yon demo oubyen yon similasyon ki dijital, se la li diferan de pwototip desen oubyen papye a. Pwototip dijital la ka ede w sove tan w ak lajan. Pou w fè pwototip sa, gen lojisyèl ki disponib pou sa, kote w ap ka fè konsepsyon chak paj: material.io, principleformac.com, atomic.io, ak anpil lòt ankò.

4- Pwototip natif: Si gen pou ekri kòd, se nan pati sa w ap kòmanse tape kèk kòd. Si se pou mobil android, ou ka itilize Java byen rapid, men ki pa twò konplike. Pwototip sila ap fèt byen si w byen prepare 3 pwototip nou sot wè anlè yo. Nan pwototip sila a, se kreye aplikasyon an ak enterasyon yo san ke yo pa dinamik, sa vle di yo pa relye ak yon baz done, yo pa gen fonksyon kap entèchanje done yo, jis klike epi chanje entèfas. Se dènye etap pou w kòmanse kode aplikasyon w lan, paske ak dènye etap sa, wap gen yon aplikasyon ki bati sou tout kritik ak konsèy ou jwenn yo. Ou ka fè pwototip sila a, ak langaj pwogramasyon ou pral kode a - si se pou mobil android, ou ka itilize Java byen rapid, Si se wèb, fè l ak HTML + CSS.

Mwen vrèman kontan pou m pataje sa yo avèk ou, pou pati pwototip la yo, ou ka vizite yon lis videyo Google fè pou antreprenè, sou youtube. klike sou Google for Entrepreneurs.

Amize w!

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio