Ayiti kounya vle prime solisyon ke konpetisyon lide

Ayiti kounya vle prime solisyon ke konpetisyon lide

Li vrèman fè sans pou tout lide w ka genyen, kache, nan objektif pou w eseye anrichi tèt ou akoz ke lide w la ka inovan. Gen anpil moun ki gen de bèl lide, ki sere yo nan yon bwat, jis pou yo kapab inove nan sa yo pral fè a, pou yo anrichi tèt yo, menm si yo pa gen mwayen pou yo ta ekzekite li. Mwen evite nou tout fè ti lekti sila a, kote mwen pataje pwentvi pa mwen

Yon jou tankou tout jou pou mwen, nan yon anbyans kal jan sa ye souvan nan Impact Hub Port-au-Prince. Mwen te apèn resevwa yon imel de yon moun ki te swete m siksè pou evènman Best Haitian App ke Code9Haiti tap fè a. Brit sou kou, se konsa mwen jis leve kite biwo a kote m te ye a, mwen al fè yon ti mache deyò a.

Mwen komanse ap reflechi ak anpil pwoblèm ke peyi a ap konfwonte. Yon lide pase nan tèt mwen ki ka derasinen yon pwoblèm, men m remake m pa gen mwayen ase pou m ta ekzekite li touswit. Mwen ekri solisyon pwoblèm nan nan tout detay, mwen poste li sou rezo sosyal.

Li vrèman fè sans pou tout ide w ka genyen, kache, nan lide pou w eseye anrichi tèt ou akoz ke ide w la ka inovan. Gen anpil moun ki gen de bèl ide, ki sere yo nan yon bwat, jis pou yo kapab inove nan sa yo pral fè a, pou yo anrichi tèt yo, menm si yo pa gen mwayen pou yo ta ekzekite li. Se byen lè w fè sa a, paske mwen tou m gen lide kache, ke pafwa m pa pale ak moun swa pou yo pa volè lide m oubyen dekouraje mwen nan pwojè m nan. M vin remake Ayiti kounya a, pa bezwen moun k ap (chache pwoblèm tankou opòtinite) pou yo fè gè lide oubyen fè cho biznis.

Ayiti vrèman swaf solisyon ak tout pwoblèm sa yo. Ekspoze solisyon an yo, debat sou yo ak moun, pwopoze yo, konsidere tèt ou ke nou (tout ayisyen) soti genyen si yon moun ta arive fè li. Lesansyèl se, arive fè l.

Ou ka gen solisyon an, tankou sa w anvi fè, sa w pral fè pou rezoud yon pwoblèm, kit ou gen mwayen oubyen w pa genyen - ou gen dwa pa moun ki byen plase pou ekzekite li. Se pou nou tout ta prime, takle ak rezoud pwoblèm yo tout bon, nan sans si yon moun fè l avan w, bat bravo! Sa ap fè yon pwoblèm an mwens. Mwen pa sible ni takle pèsonn ni okenn enstitisyon. Mwen rekonèt ke konpetisyon gen anpil bon rekòt nan yon sosyete, men fòk nou toujou panse ak sa: Eske Ayiti bezwen konpetisyon nan moman sa yo?

Lub Lorry Lamysere

Lub Lorry Lamysere

Full-stack software developer at Code9Dev and Programming Instructor at Code9Class Academy. Holder of a Bachelor's degree in Computer Science at Ecole Supérieure d'Infotronique d'Haiti (ESIH). … read bio