Algorit se yon pwosedi otomatize tankou yon sòt de resèt ki di yon òdinatè men sa pou l fè etap pa etap, pou l arive fè sa l dwe fè a. Algorit enpòtan anpil pou w fè, avan w pase nan etap pou kode a. Nan plis ka, yon pwogramè ale sou papye li fè algorit sa l pral fè a (Nan lang moun ka konprann paske algorit gen senta…
Algorit se yon pwosedi otomatize tankou yon sòt de resèt ki di yon òdinatè men sa pou l fè etap pa etap, pou l arive fè sa l dwe fè a. Algorit enpòtan anpil pou w fè, avan w pase nan etap pou kode a. Nan plis ka, yon pwogramè ale sou papye li fè algorit sa l pral fè a (Nan lang moun ka konprann paske algorit gen sentaks pwòp a li menm), lè l fini, li kòmanse kode li nan langaj machin.
Avèk kou sa, ou pral konnen sentaks bazik pou w esplike yon machin kòman l dwe rezoud yon pwòblem nan plas ou. Ou pral kapab di l kòman l dwe pwosede. Kou sa pral ede w fòmalize rezònman w byen
Omwen gen yon laptòp pou w sèvi ak lojisyèl yo. Fèy blanch oubyen tablo ak kreyon/plim oubyen makè. Tout algorit yo ap fèt an Kreyòl Ayisyen. Mwen ankouraje w fè Algorit ou yo sou papye, yon fason pou w ka konnen ke avan w kode, se algorit ou fè. Algorit dwe moman refleksyon w ak yon tablo oubyen papye.