Jounen jodi a, depi wap pale de devlopman aplikasyon mobil, ou pa ka pa rantre Flutter. Majorite devlopè, antreprenè ka temwanye sa Flutter ye. Zouti sa revolisyone jan aplikasyon yo fèt kounya, epi l ede devlopè yo nan kreye aplikasyon (fyab, dirab, fonksyonèl) ki konpatib pou plizyè platfòm. Flutter gen yon komino…
Jounen jodi a, depi wap pale de devlopman aplikasyon mobil, ou pa ka pa rantre Flutter. Majorite devlopè, antreprenè ka temwanye sa Flutter ye. Zouti sa revolisyone jan aplikasyon yo fèt kounya, epi l ede devlopè yo nan kreye aplikasyon (fyab, dirab, fonksyonèl) ki konpatib pou plizyè platfòm. Flutter gen yon kominote ki laj anpil, epi li ofri anpil asistans.
Kou sa la, pou aprann ou kòman pou itilize Flutter pou w kapab fè devlòpman aplikasyon(iOS ak Android) ki gen kalite, ki pwisan, ki enteraktif. Kit ou fèk derape nan devlòpman aplikasyon mobil oubyen ou se yon eksperimante nan lòt zouti devlopman mobil, ou ap kapab benefisye anpil epi amize w nan devlòpman aplikasyon ke Flutter ofri yo.
Ou pral aprann devlope aplikasyon ki tou konpatib pou iOS ak Android gras ak Flutter + Dart nan kou sa. W ap kòmanse depi nan baz la, epi w ap vin pi fò tant w ap avanse nan kou a. Pou w kapab mete tout sa w aprann yo an pratik, ou gen pou w pase anpil travay prati. Pa ekzanp, w ap gen pou w kreye yon aplikasyon chanje deviz lajan USD, HTG ak EURO.